LÉON CHARLES NOUVO DG PNH, A KISA NOU DWE ATANN NOU?

Thread

Li pa yon sekrè pou pèsonn Anbasad ameriken peze lou nan chwa otorite yo konn fè sou moun kap vinn direktè Polis la

Si yon moun gen dout sou sa al gade “câble wikileaks 6 mai 2005”

@pnh_officiel
2004 - Aprè depa Aristide, Léon Charles te vinn direktè Polis la, aloske li te kòmandan “Garde Côte”

Se te yon chwa estrategik pou 2 rezon

1. Evite yon direktè ki te nan wo komandman Polis la, youn ki te ka sou enfliyans Lavalas

@pnh_officiel
2. Chwazi yon direktè ki sou anpriz dirèk ameriken. Garde côte ak BLTS reponn ak kritè sa a

Donk Léon Charles ki te komandan Garde côte se te lòm de konfyans yo

Mank konesans pratik, estrategik, administrativ, ta pra l fè li echwe nan pòs sa a

@pnh_officiel
O kontrè apwoch Léon Charles yo te konplike sitiyasyon an

1. Léon Charles te revoke anviwon 600 USGPN ak USP ak tout zam yo nan men yo, sa ki ta pral ranfòse operasyon bagdad la

Fòk nou di ajan sa yo pat respekte tout kritè pou yo te rantre nan Polis la

@pnh_officiel
2. Mr Charles te priorize yon apwoch miskle ki baze sou egzekisyon somè ak arimaj nan kèk zòn popilè

Sa pat fè bri paske nan epòk la, te gen yon logik konbat Lavalas, donk ni laprès, ni òganizasyon dwa moun te femen je sou krim yo

NB: Operasyon Bagdad la te touye plisyè polisye
Avèk apwoch sa a moun nan katye polipè yo te plis solidarize ak militan lavalas ki tap mennen operasyon bagdad la

Sa ki te vinn konplike pi plis travay lapolis

Kom zòn popilè yo te vinn tounen zòn de non dwa kidnapin te monte an flèch

Paske Leta pat ka prezan nan zòn sa yo
Jiyè 2005- Mario Andresol ranplase Léon Charles

Apwoch Andresol yo te konplètman diferan de apwoch Léon Charles

Premye travay Mario te fè, se te yon travay andan Polis la li men m

1. Li elimine gwoup nèg an nwa ki te kreye andan Polis la

2. Li fè vètinn sou anpil polisye
3. Li idantifye machin polis yo ak gwo ekriti ki plase sou kò machin yo

4. Li idantifye polisye ak mimewo matrikil yo, etc..

Dezyèm travay Mario fè li kanpe li di otorite nan lepòk yo aklè sa kap devlope nan katye popilè yo pa travay Lapolis

Se yon “guerilla urbaine”
Epi Mario te di “guerìlla” merite yon repons militè donk sèl Lapolis pap janm ka rezoud pwoblem sa a

Sa ki ta pral fè Preval mete presyon sou Minista e men m menase demisyone si Minista pa ede PNH la nan operasyon l yo

@pnh_officiel
Avèk operasyon tèt kole Minista/PNH lapè vinn retabli nan katye popilè yo ak nan tout peyi a

San bliye plisyè pwogram sosyal vinn rantre nan katye sa yo an back up

@pnh_officiel
2011 - PHTK o pouvwa
Depi nan premye moman yo otorite PHTK ki te an plas yo te vle entegre moun ki pat korèk andan polis la. Sa vle di yo vle rekomanse ak men m pratik avan 2004 yo

Anplis de sa konpòtman bandi legal yo afiche avèk anpil lòt rezon mennen peyi pi mal ke 2004
Wi, 2020 - sitiyasyon ensekirite a pi mal ke 2004

1. 2004 te gen anviwon 38 gwoup gang ki repètorye nan zòn metropolitenn nan

Kounye a gen anviwon 76 ki repètorye

2. Gang yo te konn itilize revolvè, pistolè, M1, kèk fizi daso

Kounye a se plis fizi daso, foul otomatik, grenad
Se nan konteks sa a Léon Charles ki te echwe an 2004 reparèt an 2020

Aloske sitiyasyon kounye a pi grav ke 2004

Dayè pèsonèl gang yo rive anviwon 18.000 manb

Pèsonèl PNH la rive anviwon 16.000 manb

@pnh_officiel
Youn nan bagay nou dwe konnen chwa sa a pa tap posib san akò Anbasad ameriken

N ap sonje se non Jacques Dorival ki t ap site

Men Léon Charles te anbasadè nan OEA, se li men m ki te vote kont venezela an favè ameriken sou enstriksyon prezidan repiblik la

@pnh_officiel
Ak KISA NOU DWE ATANN NOU?

Si Léon Charles pral itilize men m pratik 2004 yo nou tou deja konnen rezilta a

Sof ke sa ka pi mal
1. Gang yo pi pwisan,
2. Gang yo vinn gen plis metriz teren
3. Telefon ki ka fè video masak pi disponib
4. konteks entènasyonal la ap chanje (Biden)
Si Léon Charles adopte apwoch Andresol yo petèt li ka pote yon bagay pozitif pou polis la e pou peyi a

N ap raple kèk apwoch Andresol

1. Mande otorite politik yo pa politize polis la
2. Epire polis la
3. Ranfòse Polis la
4. Pale klè ak otorite politik yo sou sa ki dwe fèt

Fin
You can follow @coachbenbens.
Tip: mention @twtextapp on a Twitter thread with the keyword “unroll” to get a link to it.

Latest Threads Unrolled:

By continuing to use the site, you are consenting to the use of cookies as explained in our Cookie Policy to improve your experience.